POLE GEO-HAGRI
Catalogue › Plant Potaje
Plant Potaje

Jaden Potajè

Réf. AG-3215

Jaden potajè se yon sistèm kiltivasyon ki pèmèt moun pwodui legim, epis ak lòt plant alimantè sou yon ti espas, tankou bò kay, nan lakou, nan jaden oswa nan kominote. Li kapab kontribye nan amelyore nitrisyon, sekirite alimantè ak revni fanmi yo. Nan kou sa a, patisipan yo pral aprann prensip debaz pou planifye, prepare, plante, antreteni ak rekòlte yon jaden potajè. Kou a mete aksan sou itilizasyon metòd ki respekte anviwònman an, tankou konpòs, melanj kilti, pwoteksyon natirèl kont ensèk ak bon jesyon dlo ak tè. Kou a adapte sitou ak reyalite agrikòl Ayiti, kote ti jaden fanmi ak jaden kominotè kapab jwe yon wòl enpòtan nan pwodiksyon manje ak ranfòsman rezilyans kominote yo.

Durée : 7 semainesEffort : 4 heures/semaineRythme : Propre rythmeLangues : Kreyòl Ayisyen

Penchely Germain

Agwonòm | Pwodiksyon Agrikòl

Inscription

Jusqu'au 30/11/2026

Disponible jusqu'au

30/11/2026

Prix de l'inscription

Accès gratuit

Ce que vous allez apprendre

À la fin de ce cours, vous saurez :

  • Konprann prensip fondamantal jaden potajè ak enpòtans li pou nitrisyon, sekirite alimantè ak agrikilti dirab.
  • Planifye epi mete sou pye yon jaden potajè selon espas ki disponib, kalite tè, dlo ak bezwen fanmi oswa kominote a.
  • Aplike bon pratik agroekolojik pou pwodui legim yon fason dirab pandan y ap pwoteje tè a, dlo a ak divèsite biyolojik la.

Compétences visées

Nan fen fòmasyon an, patisipan yo ap kapab :Idantifye diferan kalite legim ak plant ki adapte ak yon jaden potajè epi chwazi espès ki apwopriye selon sezon ak kondisyon lokal yo.Planifye yon jaden potajè, soti nan chwa espas la rive nan òganizasyon kabann yo ak distribisyon plant yo.Prepare tè a pou kiltivasyon lè yo itilize teknik ki amelyore estrikti, fètilite ak kapasite tè a pou konsève dlo.Pwodui epi plante legim yo apati grenn, pepinyè oswa plantules, pandan yo respekte distans ak kondisyon ki nesesè pou kwasans yo.Jere dlo ak eleman nitritif yo yon fason efikas atravè irigasyon apwopriye, payaj, konpòs ak lòt sous òganik.Prevni ak jere maladi ak ensèk nuizib atravè metòd natirèl ak pratik jesyon entegre ki diminye itilizasyon pwodui chimik danjere.Rekòlte, konsève ak valorize pwodiksyon jaden an yon fason ki limite pèt epi favorize itilizasyon pwodiksyon an pou alimantasyon oswa revni.

Format

Nan kou sa ap gen 7 modil, anndan chak model n ap jwenn pou pi piti 5 leson. N ap pibliye yon model chak semèn jiskaske n rive nan dènye a.

Prérequis

Ouvè pou tout moun.

Évaluation et Certification

Sètifika gratis aprè w fin reyisi quiz yo ak o mwen 50% an total.

Plan de cours

Module 1 : Tomat
  • Objectif : Etidye detay sou
  • Duree estimee : 15 minutes
  • Nombre de lecons : 1
  • 1. Semans

Équipe pédagogique

Penchely Germain

Agwonòm | Pwodiksyon Agrikòl

Voir le profil du professeur

Licence

Ou bezwen otorizasyon kreyatè kontni an pou w itilize l ak izaj ki gen objektif fè lajan.